Monday, January 25, 2016

“NOU PAP OBEYI”


Vwa oganizasyon anndan Ayiti 
Nan refleksyon n fè sou lit pou vòt Dr. Martin Luther King te fè ozetazini sa gen 50 lane; nan lit “one man one vote” kanmarad Mandela yo te mennen an Afrikdisid; nan refleksyon sou lit divès lòt pèp, nou wè pa gen pèp ki souvren si yo pa gen dwa vòt yo. Pa gen pèp ki gen diyite si vòt yo pa konte. Jan Prezidan Aristide di: “Sinoupasovediyiten,diyitenapsovekiten!”Sesakfènaplite e nou mande solidarite tout pèp ki konn lite pou dwa vòt yo.
Sis lane apre goudougoudou ki te sakaje peyi an, kote plizyè santèn milye Ayisyen mouri, noumenm, òganizasyon Ayisien, nan kad refleksyon
nou, n ap mete chapo n byen ba pou n di pèp toupatou sou planèt lan
ki te louvri kè yo ban nou, nou pa bilye zak solidarite yo. Elan pataj pèp tout kote te manifeste, te dwe ide pèp Ayisyen rekonstwi anvironman

yo, rekonstwi lavi yo. Domaj! Jouk jounen jodi a, kondisyon pèp lan pa chanje. Ki di plis, zago loray yo, kolon lokal yo, met tèt ansanm ak divès òganizasyon entènasyonal pou fè dappiyanp sou kòb rekonstriksyon an.
Entènasyonal lan pwofite moman Pèp lan dezanpare an pou l okipe espas politik lan. Jounen jodi a, se gwo batay pou pèp Ayisyen ka ekzèse dwa vòt li. Sila yo ki fè dappiyanp sou èd lan vle anpeche pèp lan chwazi moun li vle pou dirije peyi an, nan kad yon gwo konplo pou yo kontinye koupe rache resous peyi a. Apre divès magouy ki wete pèp lan nan ekwasyon politik lan, kolon lokal mete ak kolon entènasyonal pou foure yon remèd chwal nan gòjèt pèp lan. Fo reprezan ak dirijan, vini ak yon plan deposesyon ki agrese klas mwayèn ak sa k pi pòv
yo, jouk peyi an vanse depafini. Rezistans pèp lan ralanti avansman machin laterè a, anpeche l deposede popilasyon an nèt ale, sa ki fòse yo setoblije rapouswiv ak you lòt fo gouvèlman remèd chwal ankò.
Ekzanp maspinay gouvèlman an fè nan kad deposesyon ilavach, zak maspinay sou moun Akayè, zak maspinay ki pa janm sispan pou pini moun Site Solèy pase yo vle vote, divès zak maspinay ki fèt toupatou nan peyi an nan kad vòlò tè oubyen vòlò vòt, pèp Ayisyen sèten li nan yon lit inevitab pou ekzistans li. Nou di NON, NOU PAP OBEYI FO DIRIJAN. Dwa lejitim defans, se dwa tout moun genyen pou pwoteje tèt yo. Dwa reziste lòd ilegal, se dwa tout pèp genyen pou pwoteje
tèt li. Dwa chazi dirijan l, se dwa tout pèp genyen pou pwoteje tèt li. Jounen jodi a, anfas danje kolon lokal ak kolon entènasyonal yo, pèp Ayisyen antame yon REZISTANS POU EKZISTANS. Yo mande solidar- ite tout pèp sou la tè. Plan malfektè kolon lokal ak kolon blan yo se pa goudougoudou, men l kraze peyi an pi mal pase goudougoudou.
Eksperyans n ap fè depi si zan goudougoudou an pa diferan ak sa pèp ti peyi ki gen resous fè. Entènasyonal ap piye, ap banbile, pandan medya yo fèmen je yo, sou manti anbasadè ap fè sou non pèp. Lame k pare pou kraze zo pèp lan, se òganizasyon eta Ameriken ki bannou l. Kolera ak lapolis sanginè kowonpi an, se loni k bannou l. Medya bèbè, pan- dan peyi a ap depafini. Nou di NON, NOU PAP OBEYI. Nou pap fouye pwòp twou tonb nou. N ap di laverite, met kaka chat lan deyò. 


Oganizasyon ki siyen mesaj sa a
Action Nationale des Chauffeurs (ANC)
Aide Humanitaire
Alternative Syndicale pour le Transport Moderne (ASTM)
APMS: Action des Paysans de Masson Sion
APTN: Association pour le Développement Terre Noire
Association Professionelle des Enseignants Haitiens pour l’Avancement de l’Education (APEAE)
APSAB: Association Planteur Savane Dubois Asosiyasyon Fanm Senlwidisid (AFS) Asosiyasyon Fanm Vanyan Okay (AFVO) Asosiyasyon Machann Aken (AMA) Asosiyasyon Peyizan Gwomaren (APG)
BPN (Baz Popile Nord)
Baz Fanmi Lavalas Aken
Baz Fanmi Lavalas Anike
CEGBD
CHANJE LESON
CURO: Comité Usager Rodaille
COSCOB
CRCSPFL (Cellule de Reflexions des Cadres Socio Professionnels de Fanmi Lavalas)
CUREH (Cercle Universitaire pour le Renouveau d’Haiti)
DEMELE FANM
G.R. (Gwoup Refleksyon)
FAJEP (Fanm an Aksyon pou Jistis ak Pwogre)
FANM LENTO
FANM WOZO
FASA
Groupe Alternative pour Petites et Moyennes Entreprises (GRAPME)
Gwoupman Plante Senlwidisid (GPS) JOFAP
Baz Fanmi Lavalas Kanperen
Baz Fanmi Lavalas Kavayon Kodinasyon Peyizan Sid (KPS)

KPDS (Konbit Planteur pou Devlopman Sanyago) KORE MAP KORE W
Le PHARE
Baz Fanmi Lavalas Maniche

MOFUP
MOJIDMA: Mouvement des Jeunes Intègres pour le Développement de Marigot
Mouvement d’Opposition Citoyenne (MOC) Mouvman Tet Kole Kavayon (MTKK)
OBMP
Oganizasyon Devlopman Solon (ODS) Oganizasyon Fanm Vanyan (OFAV) OGANIZASYON LEVE KANPE

OJFS
Baz Fanmi Lavalas Okay
Organisation 30 Septembre
OPG: Organisation Paysan de Grande Rivière Organisation Sans Bloff (OSB)

OPDPS: Òganizasyon Pou Devlopman Peyizan Sarazin
OPPB: Organisation Paysan Platon Blan
Plateforme Nationale des Syndicats de Transports Fidele (PNSTF)
POGRES (Oganizasyon Planteur pou Devlopman Sanyago)
Baz Fanmi Lavalas Port Salut
Pou Solèy Leve
Regroupement des Enseignants Normalien Haitien (RENOH)
RFDP (Rasanbleman Fanm pou Devlopman Petitans)
Rasanbleman Militan Pwogresis (RMP)
RASSINE (Rasanbleman Sitwayen NORD AK NORD EST)
SDDC (Societe d’Encadrement pour le Developpement Communautaire)
Baz Fanmi Lavalas Senlwidisid Solidarite Jenn Kavayon (SJK) SOPU- FANM pou FANM
S.O.S Transport Federee

Baz Fanmi Lavalas Tibiron
Baz Fanmi Lavalas Torbec
Union du Mouvement Syndical de Transport Public (UMSTP)
UJDSB:Union des Jeunes pour le Developpement Savane du Bois. 

No comments:

Post a Comment

Please Donate to the Haiti Emergency Relief Fund

And Support WIkiLeaks

As well as